L
 

 

MISSION

ABOUT US

CONTACT US

NEWLINK

Dessalines@gonayv.com

francoisj20@bellsouth.net

PHONE 786-326-7607

 

 

PREMYE

JANVIE 2014

 

Dr

Marc Antoine Joseph

12429 West Dixie Hwy

Miami FL

305-981-7658

 

MESAJ -SA A POU AYITI

AK PREZIDAN MARTELLI   

Nou sonje gen lot ke te pi fo pase li

Yo menm tou te echwe pou la vi

Paske se politik sel ke  yo te chwazi

Mezanmi nou gen lontan nap soufri

Mize fe nou depafini menm nan lespri

Yo telman toupizi nou

Sa vle di yo pile nou tankou

Sel mayi pitimi ak diri

 

Nou refize grandi,nou refize pwodui

Nou kwe sel nan politik

 Se Poun nou ka detwi la vi

Nou apran renmen moun tout lot peyi

Pandan nap kondane tout pitit ayiti.

Mezanmi nou gen twop tan depi nap soufri

E nou pap jan’m  kwe Ke yon sel Martelly

Men’m le li ka gen volonte paka chanje ayiti

Paske nou déjà genyen twop pou la vi

 

Nou gen lontan  nap soufri

Pou tet sa zanset nou yo te akompli

Sel pep nwa revolte , libete pou la vi

Nou ta  dwe jodi-ya menm le nou tou piti

Youn nan ti peyi ki  ta dwe ap pwodwi

Bon citwayen,profese ak elev kap reflechi

Nou gen lontan nap soufri

Se paske medsen an ayiti pa sove la vi

Engenye nan peyi’n pa fe plan pou konstwi

Nou gen lontan nap soufri

Se paske nou pa jan’m gen yon vizyon pou ayiti

 

Sa fe two   lontan  depi nap soufri

Nou pa  genyen menm  nan Jeremi

Ak pyes  lot vil an ayiti

Yon bon inyvesite, pou n  apran’ reflechi

Nou Selman fe politik pou la vi

Nan  tout la ri , pou’n ka detwi

Prezidan ak dirijan Martelly

Si nou vle  rekonstwi Ayiti

Se   lespri’n pou nou louvri

Pou proteje entere ayiti  e san demagojy

Nou gen lontan depi nap soufri

 Nou refize fe sa ki bon pou Ayiti

Ranfose enstitisyon nou yo,pou yo apran sevi

Menm le jody a nap soufri

Devlope yon program agikilty

Yon jou na gen lespwa pou la vi

Nou gen lontan depi nap soufri

Politik an ayiti, mountre'n detwi

Yon  system edikasyon  nan tout lari

Ap fe nou rekonstwi ayiti pou la vi

Nou gen lontan nap soufri

Mesaj sa-a pou Ayiti  pou la vi

Se pou Martelly ak  chak pitit ayiti

 Ki gen twop tan depi yap soufri

Ann sispan tout demagojy

Pou yon jou ansan’n nou ka di

Nou te gen rezon pou’n te soufri

 Paske se te pou’nou te chanje Ayiti

               

Dessalines Francois Joachim

2 Janvier 2012

Francois Joachim (Dessalines)

Directeur (www.gonayv.com)

Produceur(Cyclone Jeanne 2004-

Gonaives etat d’urgence 2006,

Gonaives the doom’s city 2007-

Gonaives en Peril 2008

-Le cote social de la ville des Gonaives2010

- Gonaives la ville d’espoir 2011

Fondateur de (SHARE)

Societe Haitienne Artistique Rehabilitation Enfantine.

PEOPLE Organizations Photos

leta an Ayiti

Neg kont Neg  OTHER VIEW My View Souvenance

 

PHILOSOPHIE DE SHARE

 

LES PHASES DE PREPARATION

PROGRAME

D' EDUCATION SOCIALE

PLANIFICATION DE SHARE

membres

officiels de SHARE