L
 

 

 

MISSION

ABOUT US

CONTACT US

NEWLINK

Dessalines@gonayv.com

francoisj20@bellsouth.net

PHONE 786-326-7607

 

 

 

 

 

 

 

 

CHANJMAN GONAYIV-LA

Jan nou we’l-la, anpil moun remake'l

Gonayiv, van chanjman-an ap soufle .

Gonayiv ap repare e cheche chimen pwopte.

Wi se vre, nou ap felisyte

tout moun ki gen la fwa ak volonte

E ki ede ankadre, ak proteje lakay .-

Ki pran pa nan bon travay

ki fe nou tout ap rele .

Viv Gonayiv ,chanjman ak fyete

Men ann nou toujou rete vivan

Paske chanjman vil –la,poko chita tout bon vre

sou yon bon baz ledikasyon ak fomasyon

Li poko kanpe sou bon pwogram sosyal.

Sa vle di nou poko genyen yon bon garanti

tout bon vre ke van chanjman ap rete

Gonayiv jodi-a anko, sanble yon ti pay

ki ka pran dife,depi yon move van soufle

 Si responsab nou yo pa mache ak panse ansanm

E si nou menm gonayivyen pa patysipe

Pou kenbe chanjman, fok nou jire

Pou nou apran defan entere vil-la

Menm le entere pa nou ka afekte.

Fok nou sispan tout fom divisyon

Nan mitan tout ki renmen vil Gonayiv

Pou tet sa ane sa-a 2012

Nou voye yon mesaj trankil

pou fasylite nou reyini tout moun

nan la pe, lanmou ,respe ak pasyon.

Pandan ke nap kontinye mande

tout moun pou yo fe sa ki bon pou vil-la

Ann sispan fe pwopaganda negatif sou vil –la

E menm sou tet pa nou.

An- nou apran aplodi a sa ki bon

An nou apran respekte dwa ak opinion yon lot mou

An nou veye sou ofisyel Gonayiv-yo,

pou yo travay tou pou entere vil-la

An nou kontinye travay sensibilizasyon sou entenet- la

An nou bay plis patisypasyon

ak tout sa ke nou idantifye ki bon pou vil-la.

An nou envite plis moun rantre nan Gonayiv

An nou mande byen fo ak tout enstitisyon leta-yo

Pou yo men’m tou ran chanjman-an posib bo kote pa-yo

Le yo apran tout bon vre

bay popilasyon-an sevis ke-yo merite

.

Chanjman ap fet tout bon vre

Se le nan gonayiv, nou gen lopital pou pitit nou pran swen

Le nou gen bon lekol nan nwit kon la jounen

Le nou rive prodwi plis profesyonel

ke move filozof ki pa aprann anyen

Wi Gonayiv ap chanje, se le nou vle ede tout bon vre

Menm sa yo ki pa jan’m vle chanjman rive

Pou pwop tet entrere pa yo

Fe yo men tou patisype, pou yo apran proteje

Tout yon sosyete ke se pwop pitit pa yo

Pitit zanmi- yo, fanmi- yo. Vwazen ak kouzen yo

Wi gonayiv ap chanje tout bon vre

Le nou apran defan entere ak dwa yon lot

Le nou apran trete tout moun tankou pitit bondye

Gonayiv gen poul chanje

le nous sispann kondane san jije

Le nou deside apran renmen yon moun

Kel ke swa nan zone ke li soti

Menm le li se pitit, vwazin ,kouzen

Zanmi nan tout kat kwen vil Gonayiv.

Se le nou apran fe tout sa-yo

Gonayiv- ap chanje tout bon vre

Francois Joachim (Dessalines)

Directeur (www.gonayv.com)

Produceur(Cyclone Jeanne 2004-

Gonaives etat d’urgence 2006,

Gonaives the doom’s city 2007- Gonaives en Peril 2008

-Le cote social de la ville des Gonaives2010-

Gonaives la ville d’espoir 2011

Fondateur de (SHARE)

Societe Haitienne Artistique Rehabilitation Enfantine.

Mesaj- Sa-a

pou ayiti

PEOPLE Organizations Photos PLACES
NEWS TEXTS SPONSORS RELIGION

PHILOSOPHIE DE SHARE

 

LES PHASES DE PREPARATION

 

PROGRAME D' EDUCATION SOCIALE

 

IDEES PROPOSEES POUR

LES CARNAVALES 2014

AUX GONAIVES

membres

officiels de SHARE