repanse lekol

 

    GONAYV.COM        

REPANSE LEKOL

Nou dwe , ansanm repanse lekol, tout bon vre nan sosyete lakay,

kI se youn nan vre koz, ak rezon ki fe  nou tout  ap pase tray

Lekol  ta dwe ba nou  limye, pou ‘n ka we , menm nan fe nwa.

                      Lekol ta dwe, kouran la vi nou tout ,ta dwe  ran nou vinn pi fo                                                               

Lekol ta dwe yon enstriman, pou nou  mezire konpetans nou.

 Yon reg pou ede nou  kontwole diferans ak richess lakay  nou.

Li ta dwe  yon bousol pou oryante, desizyon nap pran nan la vi nou

Lekol ta dwe yon guid pou sansibilize, chak grenn nan nou,

Yon leson pou  motive la vi , sou kel ke swa fom , la kay nou

Yon ba dereksyon pou dirije ak kontwole tout   la vi’nou.

Se sel lekol ki  fe nou gen  sans e ki ede nou pran konsyans.

 

 Jody-a Lekol , se kle ki femen tout pot relasyon nou,

 Nou itilize lekol, kom zouti   pou devize boulon mote la vi nou.

Enstriman pou mezire  febles, ak  konpetans  nou .

Gras a lekol nou rekonet  , nou pa kamarad youn ak lot.

Lekol ran nou divize,menm le nou soti nan yon sel fanmi.

Malgre tout klass ke nou fe, Se kom si nou pat ale lekol.

 

Se paske lekol , lakay pa janm jwenn definisyon li merite

Se sel enstitisyon, ki la pou fome moun,ki pa vle viv tankou bet

Se sel so la viktwa, sou l’inyorans. Se limye, sou tout fos nwa

Se bwat sekre la vi-a, Se sous dlo la rivye ki pote lespwa

Lekol se senbol libete,Sel garanti la vi pou yon demen miyo.

Lekol pa ta dwe yon enstriman pou mezire febles ou

men yon zouti pou fe'nou we konpetans ou

Ftancois Joachim Dessalines

 

METE MEN