METE MEN

 

    GONAYV.COM        

 

 METE MEN

Nou gade, nou gade, nou pa janm  we  anyen

Nou kanpe, nou kanpe nap gade byen lwen

Se pa san rezon, nou toujou ap mande

Yon lot pou’l mete men,  menm si  men  yo plen

 Kom si ou te konnen,  ou refize mete men

Paske se pa pwoje  pwa –la   kap  mennen

malgre déjà sa yo  fe, Ou pa janm vle  mete men

Se paske ou pa jan’m vle travese  lot chimen

Se vre fok ou pwoche pi pre , pou nou mete men,

Mete men pou’n rale tout lot ki kanpe lwen

Ou menm tou , ou dwe mete men, si ou vlem mete men

 An nou mete men ansanm  ak  nan nenpot  kap fe byen

Mete men pou ankouraje, de pre ou de lwen

 menm le se yon lot ki deja mete  men

wap ba  yo  plis fos ak kouraj, si ou menm

deside , san kondisyon  mete men.

Mete men, pou  ede lot ki nan bezwen.

Yo menm tou, yap ede’w mete men.

 

Francois Joachim 07/21/92

IDENTITE

Jen ti peyi