poko we kle

 

    GONAYV.COM        

NOU POKO WE KLE

Nou  poko we kle, Ayiti tonbe nan Male

pa gen yon moun kryz lakay pa depase

Sa vle di Tout bon,peson pa we kle,

Si nou nan limye ou nan fe new

Pe letenel, Kote ou ye, Souple

E  genle nou pap jan’m we kle

Peyi’n finn detwi , finn kraze,

nap goumen  san entere

E nou rete toujou nan la mize,

ki fe nou pap jan’m we kle

Nou konnen Pe letenel, ou se chimen

,ou  se veryte , papa-a ak  e Limye

An vreryte, se ou menm   sel

ki ka fe nou we,chak jou,  pi kle

Si lakay ap tombe plys nan mize,

ou nap fini ka kraze tout barye

Ki anpeche, ni mwen , ni wou we pi kle

Jis pou nou avanse nan la pe,

Me zanmy ede’m we kle

Si ayiti te gen bouch, poul pale,

sel mesaj-sa-a li tap voye

Pou tout pitit-li  kap soufri

E ki ta renmen  we pi kle

Repanse lekol