kom si ou pa we

 

    GONAYV.COM        

KOM  SI OU PA WE  

Kom si nou pa we

Ki defisi nou fe la nati

Le nou aksepte detwi

Pye bwa nan peyi d’Ayiti

Kom si nou pa we

Tout sa la kay ap sibi

Sitou le la mize blayi

Sou tout ti moun piti

Kom si nou pa we

Move gesyon ak febles moral

Lakay tout move general

Ki pa janm vle kwe, li pa nomal

Pou pot tout mache kominal

Femen pou vole ak kanaval

Kom si nou pa we

Degat tout move plitisyen

Ap fe , pou anpeche tout sitwayen

Viv an pe e nen nan men

Kom si nou pa we

Tout dega nou koze

Ti moun  ap dekonpoze

Diaspora paka depose

Menm yon fey tol

Sou gwo twati lekol

Sou tet kay met  Anatol

Kom si nou pa we

Tout sitwayen kap fe gwo dezod

E menm la polis paka mete yo anba kod

 

francois JOACHIM

 

Poko we kle