PHOTO

GONAIVES1

gonaives photo2

Souvenance

Catalog

PHOTO RECENTS 2

 

PHOTO

 

PHONE  786-326-7607

 

 

 

   

Òganizé kanaval nan Gonayiv se pa yon bagay ki ta sipozé ba nou problem paske nou te konn fèl e nou te konn fèl byen. Nou telman te konn fèl byen, Pòtoprins te konn rete djòl ouvè lè nou ap fèl. Epi, yonn nan lòt rezon ki fè yo pat ka di anyen, nou te gen resous lajan pa nou pou òganizé kanaval nou. Nou te gen SEDREN, sitou avek enfliyans Tony Forbin nan SEDREN, plis bon komèsan nou te gen nan vil la tankou Claude Baron, Williams Zureck, Rafael Frino, Marcel Jean-Pierre, Djo e Morris Catimy, Elias Niccoli, Alfred Frederick, Pierre Barthole e tout lòt yo ki te gen sousi pou amizman nan vil la nou pat bezwen anyen nan men pèsonn. Nou te telman gen bel kanaval nan Gonayiv, menm moun Gonayiv ki te deja Pòtoprins ap antre lakay pou pran plezi nan 3 jou gra sa yo. Se pat ti vagabon ak ti group tèt chat ki te patisipé, se te tout kouch sosyeté ya ak tout group nan Latibonit telke Venus de St-Michel, L'oiseau Mémé e anpil lòt ankò eksepté Le Diable du Rythme ki pat vle vini pou ògèy. Epi pou Volcan e Simbie, vil bel anba koulè vè, rouj, blan jonn e blé, tout la ri dekore pa gen frata, etranje desann Chez Frantz Theisfeld, nan Royal Bar e menm Bon Acceuil te konn jwen yon bagay. Depi ou pasé bò Tekent lan, ou gentan wè sak pwal pasé ak bel cha mèt Marceau Dupiton ap lage atè tankou cha dlo, cha 4 as kote bel negrès kon Marie Claire Cinéus ap renn, kote mèt Holly ak Elias Bendel ap roi e se te bel bagay nan Gonayiv. Mta di plis, hummmm, nou te gen moun nan Gonayiv ki te ka deside pou Gonayiv.

 Jean Claude Joseph

 

GONAIVES THE

DOOM CITY - YouTube

dessalines@gonayv.com