TREN AN

 

    GONAYV.COM        

 

 TREN-AN

Tren-an sipoze derape

Avek tout sa yo ki vle

E nap oblije kite dêyê

Menm lé nou pa ta vle

Si la yo kap krasé brizé

Tout sa yo ki pa vlé mété

Tet ansam,lanmou ak linité

Tren-an sipoze dérapé

Fwa –sa lap byen chajé

Avek tout pitit bon dyé

Tout sa yo ki genw dinyité

Tren-an sipozé derapé

Li pral Mennen nou asisté

Yo gwo men lévé

Kap fet nan yon ti coté

Yon ti vil anAyiti yo rélé

Gonayiv ki se la bel cité

Tren-an sipoze dérapé

Pou’l men nen tout bon vré

Menm coté, sou menm chantyie

Pou nou ede tout pitit bon dye

Si la ki sove nan la rivyiê ki pase

Nan gonayiv ak lot koté

Tren-an sipoze derape

E lap pase tout lot kote

An verite poul ramase

Tout sa yo ki vle edé

Gonaiv ak lot sa yo ki sové

 

 

 

 

 

2004