12004

 

    GONAYV.COM        

2004

A la wont papa pou 2004 -la rive tout bon vré

ni mwen, ni ou, et peson-n nan nou menm pa vlé

nou pa decidé, nou pa gen volonté pou nou celebré

tout bon vré 2004 nan la pé ,lanmou ak trankilité

Menm pou nou ta fé zanset-yo kontan pou sa yo te fê

Nou echwé, nou echwé toutt bon vré pou 2004-la

E se pa selman jodi-a, nou pran twop tan nap jwé kat-la

Nou bat-nou bat juska-s ke 2004 la ap pase kon rat

Li pa gen menm vale tout nasyion an te genyen en 1804

Nou blié si se têt ansanm nan respect l’ide chak ayisien

Nou blie se te sacrifiz tout zanzet nou yo ki te fê 1804

A! se menm bagay sa yo ke nou dwe met ensem pou fe 2004

En verite nap fé yo sonjé dat-saa pa ta dwe yon dat politik

Li ta dwe pito yon moman l’anmou , yon moman istorik

1804 se te batay tout ayisien ,yon sel nasyon, yon sel pêp

kont yon sistem esklavagis ak injistis ke patwon yo tap mennen

De pi lê-sa ,yo di ke nou se sel premye

nasyion nwa ki endependan

2004 pa ta dwe selman pou ou menm ak mwen menm,

an verite li ta dwe pou yo menm-tou kap pratike linjistis

an-1804 se te nou memm sel ki te leve kampé

jodi-a nou ta dwe mete tet ensam ak tout lot zanmi-yo

pou nou ka chanje jwet politik ak jwet kat-sa-a

Mete men-nou ansam-an nou viré an laviron dédé

pou nou jwenn yon solusyion pou nou ka sove

pei-nou ayiti ki depi lontan yap meprizé ,yap maltrété

2004 ta dwe representé,apré tout mizé ke nou pasé

yon simbol lybêté pou tout mounn ki kont mechansté

Yon senbol l’espwa delivrans pou tout lot pêp ki nwa

E kap soufri menm jan ak nou jodi-a- e depi 1804

Min se pa sa-yo vle pou 2004-la, yo tout ap revolté

Yo di se yok pou te fê 1804, yo pa vle kwê ke li two ta

l’histwa- pa janm repeté defwa ,pa gin de pe-i ki rele Ayiti

 

12JANVYE2012