PITYE AYITI MANDE

 

Pep Ayisyen Fò  nou tout reveye

Sa fe lontan nap dòmi  kanpe

Peyi’n tombe nan yon laviron dede

You’n ale –You’n vini anyen pa chanje

Ann krie pitye , ann nou rele

 

Pou yo sispan kraze, sispan touye

Pitit peyi-a , E tout sa yo ki vle

Ayiti vinn pi bel tankou yon pel

An nou krye yon tet ansanm

Pou tout pitit peyi-a konpran

E minm sa yo kite byien lwen

Vinn ran ayiti pi bel  tankou dantel

Pi dous  tankou yon moso kan

 

Ayti tout lannuit tout la jounewn

Son kloch la mize ap sonewn

Ayiti rele pitit liyo,  retounewn

Vin  ede tout politisyen, tout sendenden

Kap touye tout ti fle ki tap boujonnewn

 

Lidê politik nou yo ,tanpri souple

Nou tout ta dwe  konsêne

Pep la mande,si- ou gewn volonte

Pou ede peyi nou tout bon vre

Son wont devan la sosyete

Listwa va jije nou  pou mechanste

Nou fe tout pitit peyi-a passé

 

Aysien  anndan vle pati , yo vle ale

Sak deyò- yo  ap rele se pat sa yo vle

Zanst –nou yo, yo tout ap mande pitye

Se nou toutt ki la kòz

Nou tout ap  pran yon pòz

An nou sispan pran Bòz

Pep la mande lekol ak bon dòz

 

Presidan Dirijan tanpri souple

Leve kanpe, se mange pep la mande

Libête –travay- sekirite ce sa nap chêche.

 

   Francois Joachim 10-19-2004