lwen pou Ayiti

 

    GONAYV.COM        

MWEN WE LWEN POU AYITI

Ayiti vini pou mwen, yon son kloch kap sonen

Chak jou, nan tout kat kwen  lan nwit kon la jounen

Pou fenn  sonje tout ti mounn kap  trennen

San  fanmy, manman ,papa .E pa menm yon vwazen

Pou lonje yo la men, malgre tout sa  yo gen bezwen

Lanmou, libete,ledikasyon ak yon bon swen.

 

AYITI yon lot fwa genyen pou’l frappe

Se plis letranje kap pral kriye

Se det pou Ayiti yo gen pou peye

Se san la jistis zanset nouyo  kap koule

Tout swit apre pey’n pral demare

Le sa-a tout bon vre na va chante libete

 

ANPIL grot  pwal debouche

Anpil minn pwal kreze

Ayiti gen pou’l chita gade

Lot tranbleman ki gen pou passé

Ayiti gen pou’l cho kon dife

Fwa sa-a yo tout ap oblije ale

E vreman yo pap ka rete

Le sa-a tout bon vre na va libere

 

 

Ayiti nan lespri’m lan nwit kon la jounen

Map panse, travay ak reflechi chak maten

Map la prye pou’m mande bondye  chimen

Chimen delivrans ak libete pou yon pep detounen

 

Manman ak papa pitit tout  kote

Mare vant nou byen sere

Jou-a gen poul rive

Fwa sa peson pap ka epanye

Se la mize ak l’enjistis kap fe nou revolte.

 

Yo gen lontan yap prepare

Pou yo fe san tout pitit peyi-a koule

Lame etranje blayi tout kote

Yap tan sinyal  trahison ak mechanste

Pou yo kraze elimine tout pitit bondye

Maten-an depi’m leve

Ak Ayiti map panse, Dlo ap koule nan jem

Paske lespri kap guide’m ap ede’m panse

Malgre tout efo nou fe, pou evite tout male

 

Jou-a preske rive. E peson pap epanye.

Le sa-a Ayiti ap libere,nou tout ap chante

Viv Ayiti,  Aba lenjistis e Viv Libete

 

Francois Joachim DESSALINES