Si desalyn te la M

 

    GONAYV.COM        

SI DESALIN TE LA

JODI-A

Si  Desalin te la Jodi-a,

Selman,li tap mande pouki

pouki‘l te goumen pou libete.

Si Desalin  te la Jodi-a ,

sa ki tap  fel pi  mal,

se nan   kondisyon ke nou tonbe

 Si Desalin  te la  Jodi-a

pou tout mal ke nou fe Ayiti pase

Desalin tap jije nou tout:

pou tout sang sa yo, nou fe koule.

Si Desalin ,  te la Jodia, an verite,

li tap krye de ran dlo nan je

Ampere-a tap kondane tout prezidan ki pase

ki koz blan yo retounen vinn vanje ,

Desalin, yon lot fwa tap deklare libete :

Menm si se tet plis Ayisyen li tap koupe

Pou peyi'l Ayiti yo kontinye ap kraze

Pou prensip ak konstitisyon'l yo vyole

Si Desalin te la Jodi-a , pou  kantite

sang ki  te koule pou libete ke nou jete

Pou mechanste nou fe frenn pase

pou travay li nou pa kontinye

Pou Ayiti nou finn Kraze

Ah si Desalin te la,

listwa tap kontinye  pou Ayiti te sove

  .

 Si Desalin te la  jodi-a

Li tap  gen plis rezon pou'l vange

Plis  entere  pou defan yon lot fwa

Premye peyi,  nasyon   ak   Moso  te,

Pep neg lafrik ki te revolte.

An verite,si Desalin te la Jodi-a,

li tap mande nou tout pou nou rasamble.

Neg nwa tout lot kote , tout neg depote

pou kontinye ansan'm travay li te komanse

An verite Si Desalin te ka repon prezan

Limanite jodia , tap reyelman diferan

Francois Joachim Dessalines