Papa Nwèl Pa Kite Nou Peri

 

 

Nou

 

Rele w

 

Nou lapriyè w

 

O! Tonton Nwèl

 

Ou pa janm reponn

 

Nou pa konn pouki sa

 

Depi tan sa a n ap tann

 

Menm si yo di nou se pwatann

 

Nou pap jamn gen dwa dekouraje

 

Fòk jou pa n rive pou vin wè nou tou

 

**Epi,  nou  pa  ni  bèlfi  w ni ti  bofi  w **

 

**Lè ya rive pou wete kui  ya nan men nou**

 

*Pou nou sispann promennen devan  lakay vwazen*

**Nou  konnen  tou, on jou,  tou  sa  gen  pou  li  fini**

 

Nou

 

Pa fè

 

Mechanste

 

Sou latè beni

                                                                                                        

Nou pa mande w anpil

 

*Fè tout moun gen kè poze*

 

*Ak bay tout pitit ou menn dwa*

 

 

Tati