Mwen ta renmen pataje reflexsyon m sou sa m panse apre katastròf Ki sot pase ann Ayiti 12 janvye 2010 la.

 

Lè lanati andyable, lè l ap montre n sa l peze

Nou tout kouri di : Sa n fè w Bondye?

Èske se sa n rele demokrasi? Nou pa kwè sa!

Lanati pa fè pa pèsòn, lè w tande l frapye l

Al eseye konprann sa ki sot rive ann Ayiti a

 

Si se konsa demokrasi a mache, fè travay li

Nou pa kwè l ap jwenn anpil fanatik sou latè beni

Lè se malè sèlman li jete sou tout moun

Lè se dezolasyon ak soufrans li simen toupatou

Nou ta di se reflechi li voye nou tout al reflechi

 

Si se  konsa pou dyab montre puisans li

Nou pa janm bezwen konn egzistans li bò kote n

Pi fò nan nou deja mizerab. Nou  enpuisan devan malè n

Lè n ap lapriyè, nou pa konn sa pou n di ankò

O gras mizèrikòd! Fè pa pitit ou yo non!...

 

Lè nou met jenou n atè, mande Bondye pou n wè klè

Ki wout nou dwe pran pon n evite chemen malè

Epi, pa bouke preche Lanmou ak Solidarite

Mande Bondye pou l ban nou ou Leta ki responsab

Pou tout Sitwayen alawonnbadè respekte Lalwa

 

Si tout ayisyen te konn obeyi Lalwa Peyi yo

Gen anpil Katastròf yo ta ka evite. Sa se verite!

Nou tout dwe pran leson sou sa k sot pase nan peyi n

Nou tout dwe reflechi ansanm, pou n pa bay malè rezon sou nou

Si n kòmanse fè sa, nou pa kwè n a jwenn bon rezilta ?

 

An nou chèche Konprann ansanm sa demokrasi vle di

Pou n wè sa pou n fè pou n pa tonbe nan tchouboum

Nou gen lè pa wè nan ki sa nou ye la a ?

Apre desas ki sot pase lakay la, si nou menn ayisyen nou pa chanje

Nou pap janm jwenn remèd. N ap detwi peyi n moso pa moso

 

Li lè pou n konprann sa demokrasi vle di tout bon

Pa gen anyen ki ka regle nan rayisans ak inegalite

Lè a rive pou n di dyab : « Mete kò w sou kote ! alelouya ! 

Met kò w sou kote! Renn nan nan men n! Nou vle vanse!

N ap leve! youn ap bay lòt lanmen jouk nou rive

 

Nou tout, nenpòt ki bò nou ye, ki gen chans ret kanpe toujou

An n bay lakolad, an n pa pè fonse, an n pwofite de chans nou

De tout èd nou jwenn pou n met Ayiti kanpe sou de pye l

An n fè sèman sèt fwa pou n chanje konpòtman nou

Pou n gen ou Gouvènman ki responsab ak sitwayen ki onèt

Lè a rive pou n rasanble tout fòs ak konesans nou

Pou nou tout travay sou priyorite peyi n tout bon

Jodi a, se pou tout sitwayen ayisyen trouse manch yo

Pou yo patisipe nan gwo kokenn chenn koumbit

Ayiti bezwen pou l refè. Gen ijans, nou pa  ka pèdi tan.

 

                                                           Tati Edith

                                                           Edith J. B. Moïse

                                                           Fevriye 2010