INDEPENDANCE

  L'identité Gonaivienne sur le NET                 |  

 

 GONAYV.COM

 

Palais National d'Haiti

 

Wiclef Jean et Dessalines Joachim

 

 

 

 

 

PITYE AYITI MANDE

 



Pep Ayisyen Fò  nou tout reveye

Sa fe lontan nap dòmi  kanpe

Peyi’n tombe nan yon laviron dede

You’n ale –You’n vini anyen pa chanje

Ann krie pitye , ann nou rele

 

Pou yo sispan kraze, sispan touye

Pitit peyi-a , E tout sa yo ki vle

Ayiti vinn pi bel tankou yon pel

An nou krye yon tet ansanm

Pou tout pitit peyi-a konpran

E menm sa yo kite byen lwen

Vinn ran Ayiti pi bel  tankou dantel

Pi dous  tankou yon moso kan

 

AyIti tout lan nwit tout la jounen

Son kloch la mize ap sonnen

Ayiti rele pitit liyo,  retounen

Vin  ede tout politisyen, sendenden

Kap touye tout ti fle ki tap boujonnen

 

Lidê politik nou yo ,tanpri souple

Nou tout ta dwe  konsêne

Pep la mande,si- ou gen volonte

Pou ede peyi nou tout bon vre

Son wont devan la sosyete

Listwa va jije nou  pou mechanste

Nou fe tout pitit peyi-a pasé

 

Aysien  anndan vle pati , yo vle ale

Sak deyò yo  ap rele se pat sa yo vle

Zanset –nou yo, yo tout ap mande pitye

Se nou ki la kòz,Nou tout ap  pran pòz

An nou sispan pran Bòz

Pep la mande lekol ak bon dòz

 

Presidan Dirijan tanpri souple

Leve kanpe, se manje pep la mande

Libête –- sekirite se sa nap chêche.

 

   Francois Joachim 10-19-2004