Gonayiv redresew

 

    GONAYV.COM        

GONAYIV REDRESE'W 

Gonayv redrese’w

Ou fe listwa, yo blye’w

Ou se cyte endepandans nou

Poutet sa yo make’w

ou mete  Senate, ak depite

Se kom si dire yo pa sonje’w

Le ou wete prezidan,

Menm le se pou nal pi devan

Yo refize padone’w

GONAYIV Redrese’w

Kel ke swa fason yo trete’w

PItit ou ap ramase’w

Gonayiv,ann danse kole

Pou’n trace chimen la santé

Pou’n pote limye ledikason

Pou debouche yon lot sosyete

Pou ran Ayiti pi Djanm

Gonayiv redrese’w

Paske ou se sel flanm

La viktwa sou tout fos nwa.

Gonayivyen ak ayisyen tou patou

Ann pote kole chak jou

Jiskas ke Ayiti demare.

 

FRANCOIS JOACHIM

Model Majistra