ELEKSYON PA SOLISYON   PROBLEM PEYI D’AYITI

A MWENS  KE NOU AKCEPTE

 

1-Redefini  ki sa  Eleksyon -an ye tout bon vre

2) pouki sa  nou dwe vote pou yon mounn ou yon kandida

3) sou ki sa  nou pral baze pou  nou  vote pou yon moun.

4) se ki sa moun sa-a ofri sosyete-ya  deja

5) Ki entere map jwen  pou tet mwen, pou pitit mwen e menm pou kote map viv-la ,ke kandida ofri nan program ni

 Sa yo ce  gwo kesyon ke peson pa janm vle pose et ki lakoz

Ampil fwa elksyon pa janm ka reyalize an ayiti.

 A mwen ke lidê politik nou yo sispan bafwe pep-la tout bon vre

A Mwen ke politisyen yo akcepte fe plis inyon mwens pati politik

Fok pati politik yo travay plis sou enteret pep-la ou socyete ya ,ke enteret prezidan pati-yo

Fok pati politik yo akcepte pran responsablyte-yo pou yo fê zeves social nan peyi- ya, pou yo ede societe-ya grandi nan zafe edikasyon-sante-komes ak sekiryte.Fok pati politik yo sispan Selman kritike,fok yo aplodi le sa bon.Fok pati politik yo genyen yon plan developman pou chak zon nan peyi-ya

 

Fok Pep Ayisyen an rekonet bo kote pal, ke politik se yon syans sosyal se yon jwet santimantal ke politisyen ak pep-la ta dwe jwe ansanm pou defan enteret yon majorite.

 Politik ce pa yon zam  destriksyion pou youn ka touye lot,pou kraze ,brize et menm pou divize yon nasyion

E se a travê Syans- sa “Politik” ke nasyon- an tad we fe yon sel ak lide-yo ,pou nou tout  pep  ayisyen respecte yon ak lot- Renmen younn-ak lot- mache youn ak lot pou defan enterê  e proteje nasyon sa-a ke zanset nou yo kite pou nou.

E pi tou System eleksyon popule pa bon pou Ayiti ,a koz 85% moun nan peyi-ya pa ka pwan yon vre desizyon suivan jijman pesonel-yo.Si majorite moun kin an peyi  pa kon li ou pa kon ekri , e pi se yo ki gen pouvwa pou yo chwazi yon prezidan. Yap toujou ba ou yon prezidan ki pa kon li

 

Nou dwe chwazi yon lot fason pou nome dirijan nou yo, li tap pi fasil pou nou si pati politik yo te fe yon pi bon travay nan peyi- ya, si yo te travay ak yon pwogran sosyal, ekonomik, nan tout zon nan peyi-ya, li tap pi fasil pou pep la te ka chwazi yon lide suivan pwogram-li ou suivan ki sa li fe déjà ki bon pou sosyete-ya.

 

Le nou tout akcepte regleman sa  yo, ELEKSYON KA CHANJE PEYI D’AYITI

 Men se pa jodi-ya

Jodi-a nou bezwen volonte- tolerans ak respê youn pou lot-.Nou bezwen chita  ansanm lidê tout kote pou nou poze problem yo. Nou panse ke nap fe nasyon-an plis byen si moun tout kote chita bo la kay yo. Pou fôme  organizasyon  pou nou redefini sa nou vle  kom pep et koman nou vle mache  kom  pep e ki kote nou ta vle ale kom pep.

                                                         Dessalines Joachim