PI gwo inisyativ ICG, se chita pale

avek tout lot oganizasyon, lyde sosyal,polititk,relijyeu, tout lot manb volonte ki vle

pwopoze lot lide.

 

GONAYIV

Bezwen tout pitit-li pou'l pi byen vanse

Rele ICG,pou'n fe yon ti koze

011509-3730-2901

011509-3214-6985

Nap kontinye ankouraje

tout moun lakay, sila yo kap viv nan Gonayiv, nan Dyaspora, tout kote

pou ofri

ti sipow pa yo

pou ankouraje Mouvman- sa-a

pran bon jaret

pou fasilite yo mete sou pye

yon bon pwogram

pou

kenbe

Gonayiv pi pwop.

Tem Piyan Pase wi

Men bouwet-la

 

 


Initiative Citoyenne Gonnaives

Mwen di sa deja, apre plis ke 10 lane, map monte desan nan vil Gonayiv.

Carene Dubousquet se youn nan rar moun ki genyen kapasite fe tout

n pou'l pale de vil Gonayiv. Se pa san rezon ke nou(SHARE) te fe

Chwa de Carene Dubousquet, pou li te patisipe ak lot manb nou yo nan

vil Gonayiv. Se poutet sa nan yon voyaj ijans ke'm te fe pou'm te ka

rankontre avek li. Nou te dako mache ansanm pou nou ede Gonayiv

vanse, ansank ak ti moun piti yo. Jan SHARE ap pwone' la.

Li nomal ke si'm ta ka we konpetans, volonte ak deteminasyon 

Carene , yon lot moun te ka we'l tou. Donk mwen pa etone

le  IDEVET fe chwa sa--a.Carene,  se youn nan moun tou ki

anbrase e ankouraje patisipe pou fome ICG (Initiative Citoyenne Gonaives)

. Malerezman koz politik pou entere IDEVET egzije'l Demisyone.

Nan sans sa-a, ni SHARE, ni ICG, nou pedi yo gwo manb.

SHARE nou tout konnen se yon rev, kem pote pou Gonayiv .

Se yon plan ak yon vizyon kap ede'n ankadre e envesti nan kek

timoun nan sosyete-a.Nou se volonte ki pa pratike politik. Nou

ankouraje Bon jan chanjman sosyal, pou ki fe enpak sou moun,

sitou nan ledikasyon sivik, nan zafe spo, danse, mizik. Tout bon

jan enstriman ki ka ede

nou ankadre yon ti moun.

ICG se yon extansyon de bon jan travay sansibilizasyon, ki fet

ansan'm ak tout lot Gonayvien,kap poze pwoblem Gonayiv

tout tan sou entenet. Gonayivyen tou patou,nou merite yo

gwo bravo pou sa.

Deyo pale, an dedan koute.Nou tout ap reyaji pou'nn

pote kole pou ede Gonayiv Demare.

Se vre pou le ICG pran pye,anpil moun panse se travay politik

kap depoze.Pou tout sa'm observe, li two bone pou'm ta di sa konsa.

Mwen ta prefere di pito ICG tap fe plis sans, si li te monte nan yon

lot moman kote politik-la tap domi.Anverite, li tap pi byen apresye.

Konye-a se sel manb ak fondate ICG, ki pral detemine, ki rout yo vle trase.

Kel ke swa chimen yo chwazi, politik ou apolitik, Gonayiv bezwen

yon gwoup moun ki dwe la pou voye je sou li.Yon gwoup pouki rasanble,

tout lide, tout filozofi, tout class, pou repanse sosyete gonayiv

e jis pou nou di men sa'nn vle. Nan sans sa-a, nou aplodi gwo

aksyon yo poze nan jounen 28 mars 2015, jis pou montre ke

yo vle demare tout bon vre.

Opinyon Pam : Dessalines Joachim