Ayiti

 

    GONAYV.COM        

AYITI

Lè zom sou latè, toujou vle fè nou kwè      

ke se yo minm sel ki gen je pou fe nou wè

ki gen bouch po di nou ak tout kè

tout sa moun sa –yo ki gen move kè

Ap fè tout pitit bon die pase sou latè

Yo pat janm konpwan si nou minm ti nèg nwè

Ta gen bon je passe yo, pon nou fe yo wè

Ta gen bon bouch pase yo ,pou nou di yo ak kè

Lakay se sel bagay ke nou posedé tout bon vwe

Se moso tè Bondye te fe nou kado,li pa pou lwe

Li pa pou vann si w kapab vi n pwan

An nou priye bondye poul jete yon pè dlo beni

Nan mitan tout ti neg ki vle batay ou mouri

Pou sovè peyi ,lakay se bel Ayiti cheri

An nou priye Bondye poul ede nou sove Ayiti

Ki de jou an jou ap vinn pi mal ou depafini

An priye Bondye poul jetè yon pe dlo beni

Nan mitan tout Kriminel ak mechan pou yo Konveti

An n pa janm di ke Bondye pa wè sa kap pase

Li rete anlè ya tèt li chage lap panse lap gade

Tout konplo ke ti neg ak ti blan ansanm ak mare

Pou yo krase brize ,elimine tout sa bondye te kreye

Ann fe yo sonje :yon jou pou chasè,yon jou pou jibye

Ann di yo Eklesias gen polu frape pye li yon lè

Poul li di ton nè Li pa ka pab anko, sa se fout ase

Si lè zom te gen pouvwa Bondye nan pla men yo

Yo ta detwi tout la tè e menm pwop tet pa yo

Anpil gaso vante tet yo brav e ,gason vanyan

Yo di ke se yo menm sel ki gen lespwi ou entelijans

Yo pa benyen nan larivyè men yo benyen nan gwo kouran

Se paske yo pa janm konnen ki pèlen depi lontan

Ti neg ap tann ou pare pou tout zot ki malveyan

Ann priye Bondye poul evite tout mechanste ak trayison

Ann priye Bondye poul pote yon bon solisyon ak gerizon

Nan maladi ki nan kèm nan kwè ou pote yon sel sansasyon

Ann priye Bondye poul banou yon ti kal nan lanmou-li

Pou nou ka chita ansam nan respe youn pou lot

Pandan nap brase lide pou ede peyi- nou Haiti libere

 

Francois Joachim 07/21/92

IDENTITE