APWAN REVE

 

    GONAYV.COM        

 

APRAN REVE

Yon moun ki pa revé gran

Pa kapab reyalizé sa ki bon

E sa ki ran la vi –a toujou drol

Gen anpil moun ki reyalizé gwo bagay

E ki pat menm pansé revé yon ti pay

Nal kompran ke rev yon moun

Toujou maché ak realité ke lap viv chak jou

E se sak ki fê ou faché, le ou domi revé

Ou wê ou rich nan yon rev ou tap fê

Ou frape pié –ou set fwa pou ou di

Tonê a pa sé nan domi ‘mwen te ye

Me zanmi fok nou pa konfôn

tou sa ou wê nan domi

Ak tout sa nou ta dwé revé

pou ran la vi-nou chanje pou miyo

Se difderans sa-a ke nou pa janm fê

E ke nou toujou pansé

Chanjman peyi lakay.

Se Selman nan domi

nou tout kapab reyalize’li

Paske nou pa janm wê ak kwê

Nan reyalite sosyete-a ap viv jodi-a

Ayisyen tout kote domi pou yo revé

we yon Ayiti Miyo ,yon ayiti san traka

Men yo pa janm reyalizé yo menm tou

Ta dwé san traka, yo menm tout a dwé korije

Yo pa janm vle akcepté reyalité sa-a

Men yo preferé wê nan domi

ke Ayiti pa janm chanjé

Nou refize révé je klê

Pou nou ka toujou inyoré

tout verité ak reyalité ke nap viv chak jou

Se selmam le nap domi nou vlé chanjman

Men kon je nou klê e yon fwa ke nap bwasé

Nou panse tout peyi-a ap mache tout bon vré

An nou apran revé san nou pa domi

An nou apran pansé pou peyi ya pa fini

An nou chêché kompran rezon e pou ki sa

Ayiti peyi nou ap vin pi mal e depanfi

An nou sonjé ansanm ke se pa Selman

Nan domi nou pansé ke Ayiti kapab chanjé

Revé pou yon ayiti miyo

Se kalkyle, se reflechi, se pansé

Ak tout moun kap viv nan sosyeté-ya

Revé pou yon Ayiti miyo

Se renmen têt ou ak prochen ou

Se ofri sa ou genyen ak si la yo ki bezwen

Se patajé la vi ,lanmou ak lespwa

Se reyalité sa- nou tout dwe wê nan je klê

Si nou vlé tout bon vré ke ayiti chanjé

Nou pa ta dwé relé tout sa nou

We nan domi rev, Men pito

Tout sa nou tad wê nan je klê

E ki sanblé youn’ nan pi gwo rev

Ayisyen tout kote kapab reyalizé

Dessalines Joachim

03-16-2008

 

DECISION